Get Pa Kont Mwen lyrics by Wanito free! Amazing collection of all Wanito song lyrics in one place. Click the printer icon next to the song title to print the words.

Wanito Pa Kont Mwen lyrics

Wanito lyrics of all songs.
Album:
Biyografi Mwen
Pa Kont Mwen lyrics by Wanito

Refrain
Ou yeeee- ou yeeee- ou yeeee-ou yeeee
Ou yeeee- ou yeeee-an aaaan, pa kont mwen
Si'm ale mwen pa retounen vre
Ou byen si'm tounen mwen pa pot anyen vre
Si'w we'm toujou gad silans mwen vre
Zanmi mwen – fo'w pa kont mwen
Si'w we'm toujou metrize mwen vre
M' swiv chemen ke'm trase pou mwen vre
M'ap jwe mizik poum fe vi mwen vre
Zanmi mwen, fo'w pa kont mwen

Si'm pa janm kite'w konn febles mwen se pou'w pa detwi'm
Ou kab telman ogmante stres mwen menm detwi lavi'm
Si'm chwazi evite yon neg sa pa vle di'l pi fo
Ni si'm chwazi ede yon aveg sa pa vle di'l pi feb
Konnen bo fo a gen feb, e menm bo feb la gen fo
Pa janm profite de febles yon lot pou'w fel di to
Pito'w soutni'l nan bo ki fragil la pou'w ka mete'l abo
Se la'w pral we fos ak febles pa gen pi bel ako
Pa kont mwen si sou yon pwen'm pa dako ave'w
Si ou fe chemen sa ou we'm pa mache deye'w
Cheche pyeje'm tout jan kisa ki nan ke'w
Si'm pa fe'w resiprosite a mwen pa pe'w
Pa kont mwen si kelkeswa moun nan gen plas nan vi mwen
Pa kont mwen si'm pa janm souzestime se pa fot mwen
Pa kont mwen se libete'm selman mwen diw mwen bezwen
Pa kont mwen , si'm di'w pa kont mwen konnen'w pa dwe kont mwen

Refrain
Ou yeeee- ou yeeee- ou yeeee-ou yeeee
Ou yeeee- ou yeeee-an aaaan, pa kont mwen
Si'm ale mwen pa retounen vre
Ou byen si'm tounen mwen pa pot anyen vre
Si'w we'm toujou gad silans mwen vre
Zanmi mwen – fo'w pa kont mwen
Si'w we'm toujou metrize mwen vre
M' swiv chemen ke'm trase pou mwen vre
M'ap jwe mizik poum fe vi mwen vre
Zanmi mwen, fo'w pa kont mwen

Si douvanjou malgre labou larouze m'ap derape
Pa panse'm fou jan domi dous sa'w we'm te ka ret kouche
Kek mache mwen vle monte nan eskalye la vi a
Kom tache afronte tout dezagreman lavi a
M' pa kont ou menm si'w trete'm de ti vag lanme
Pa kont mwen le'm di'w m ka atenn rivaj bone

M'ap kont ou nan kelkeswa'w ta vle kwe vye fre
Pa kont mwen le'm di'w se nan god la selman'm kwe
We, kiyes ki konnenm plis pase mwen ki ka vi'n di'm sak nan tet mwen
Entansyon'm sak nan lespri mwen konnen se sel bondye'k konnen
E se sel li ki gen dwa kont mwen
Ouwoooo ouwoooo

Refrain
Ou yeeee- ou yeeee- ou yeeee-ou yeeee
Ou yeeee- ou yeeee-an aaaan, pa kont mwen
Si'm ale mwen pa retounen vre
Ou byen si'm tounen mwen pa pot anyen vre
Si'w we'm toujou gad silans mwen vre
Zanmi mwen – fo'w pa kont mwen
Si'w we'm toujou metrize mwen vre
M' swiv chemen ke'm trase pou mwen vre
M'ap jwe mizik poum fe vi mwen vre
Zanmi mwen, fo'w pa kont mwen

Si'w we si'w we si'w we
M'pa bay anyen plis vale ke vale'm
M'fe rebel ak vye fos kap devye ke'm
M'mefye'm de sa kap fe'm pedi respe'm
O ou ooooo
Si'w we , map souri et ou menm w'ap kriye
Pigaw panse pe'n nan pa pataje
Ou pa konen nan mwen sa k'ap pase
Non non fre mwen'l pa konsa, pa kont mwen si'm fe'l konsa
Reyalite a sepa sa ni'l pap janm sa
Poze tet ou kesyon sa a, eske'w dwe kont mwen pou sa
E byen konsa, w'ap we'w pa gen dwa sa a pou kont mwen

Refrain
Ou yeeee- ou yeeee- ou yeeee-ou yeeee
Ou yeeee- ou yeeee-an aaaan, pa kont mwen
Si'm ale mwen pa retounen vre
Ou byen si'm tounen mwen pa pot anyen vre
Si'w we'm toujou gad silans mwen vre
Zanmi mwen – fo'w pa kont mwen
Si'w we'm toujou metrize mwen vre
M' swiv chemen ke'm trase pou mwen vre
M'ap jwe mizik poum fe vi mwen vre
Zanmi mwen, fo'w pa kont mwen

Popular artists