Get Yon Jou La Jou lyrics by Wanito free! Amazing collection of all Wanito song lyrics in one place. Click the printer icon next to the song title to print the words.

Wanito Yon Jou La Jou lyrics

Wanito lyrics of all songs.
Album:
Biyografi Mwen
Yon Jou La Jou lyrics by Wanito

Yon bourik kap ranni anba yon baboukek
Kap fose monte mo n sou presyon gwo kout fret
Zot kip a vle wel pa sispann fe kout dwet
Yo di se li ki manje jaden bos ti kwet
Tout gwo dosye yo monte sou dol pa paket
Pwop fre ki menm san avel ap bal kou tret

Refrain
Haiti malgre w fin vyeyi ou toujou nan beso
Ou jwenn blag pouw ri men jew toujou plen dlo
Yap fe w grenpe kilimanjawo pa do
Yo mo n ki si wo ooo
Mwen kwe sa va chanje, map parye
Mwen di map parye,kiles ki vle parye

Sou ou yo pa janm sispann manje an kachet
Le zo kouw long le sa a yap fretew ti grizet
Mande sou nonw sanw pa janm jwen yon siret
Pouki moun sa yo ap jwe yon jwet ti souset
Chak fwaw fin livre kew apre sa ou regret
An reyalite sa pat dwe janme fet

Refrain
Haiti malgrew fin vyeyi ou toujou nan beso
ou jwen n blag pouw ri men jew toujou plen dlo

yap few grenpe kilimanjawo pa do
Yo mon ki si wo ooo
Mwen kw esa va chanje, map parye
Mwen di map parye, kiles ki vle parye

Yon jou la jou men kip a tankou tout jou
M vle diw ti chouw gen pouw cheche soufrans ou
Nan tout tou banbou tankou moun fou ak balen ou wap klere toupatou
Haiti tout kouw gen pouw dous kou rapadou
Gou kou ragou yo tout pral vle goute ou
Sak tap choute ou met pye sou ou pral chouchoutew pote ti fle ba ou

Refrain
Kiles ki le parye eeeeeee(bis)

Yon jou la jou, yap seviw sou tab menm jan ak pitit met kay tou
Yap montrew sous pouw ka mouye lalwet ou mouye gojet ou
Yon jou la jou kote lot nasyon pral chache pale kreyol tou
Tout ayisyen pral trouvel bon pou yo defann ou
Ayiti cheri bondye g'anpil proje pou ou
Li we soufrans ou
Refrain… map parye….

Popular artists