Get Biyografi Mwen lyrics by Wanito free! Amazing collection of all Wanito song lyrics in one place. Click the printer icon next to the song title to print the words.

Wanito Biyografi Mwen lyrics

Wanito lyrics of all songs.
Album:
Biyografi Mwen
Biyografi Mwen lyrics by Wanito

Men pouki ! pouki ! tout moun vle konnen
Ki kote mwen soti biyografi mwen
Nou pa bezwen pase kat chemen
Men mwen sou trak sa tout moun pral konnen
Mwen fèt Jeremie nan bwa andeyò
mwen pa pòt sinyati papa mwen mwen se piti deyò
Manman malerèz pa bezwen gad dikò
Maché ak tout lè paské konnen bon Dieu pi fò
Se vre nan lekòl m pa janm premyé
Ak yon mwayen Senk tout ron kanmem map monté
Gras a Dieu mwen fè klas mwen nan lisé
Gro Kolèg pil lajan mwen paka frekanté

M'vle konprann sa' m'vle konpann sa ou oh !ou oh
Ak yon bwa guita kap fè lemond aprann sa (bis)

Refrain
An ! an ! sa se Wanito
An ! an ! biyografi mwen

Men pouki ! pouki ! tout moun vle konnen
Ki kote mwen soti Biyografi mwen
Yap poze kesyion vle konn pasé mwen
Esperyans kité maké lavi mwen
Mwen fèt Jeremie nan bwa andeyo
Mwen pa pot sinyati papa mwen se piti deyò
Manman malerèz pa bezwen gad dikò
Mache ak tout lè paske bon Dieu pi fò

Nan ané 88 mwen fèt tandé
M'poko men gen mwa manmanm sevrem tandé
Li te gen yon koté la degaje
Si li pa al fè job la lap revoké
Li toujou kitém nan men vwazin nan
Men pafwa lè li tro preske li bliyé nan chamb nan
Pap gen mayen pou peyé bone nan

Bagay sa vin fèm koz map trivé nan tout zòn nan

Komansé grandi voye lekol kay madan Loulou
Damm ki konn vinn chaché nan podiab li se yon boubou
Chevem konn gro manman konn ralé sizo li fèl
Li banm mwen tyas kouchi li pa bay moun pale nan afèl
Li mèt prinsip lè mwen pa apliké'l li vidé kou sou mwen
Li fè m konn gou bouch mwen
lè'l gen lajan li fè bon manjé pou mwen
Te gen yon zanmi ki gen yon guita
se lakay li te konn chita
Map chanté maten midi swa
Juskaské m vinn pran level sa ou tandéeee

Refrain
An ! an ! sa se wanito
An ! an ! biyografi mwen

Kèt ! kèt ! kèt ! kèt m'krazé sa
Jwe nan tout fèt m'krazé sa
Nan kou de Ratrapaj nan lisé Petion Ville
Mwen ouvri yon paj mizik
fè tout medanm yo feel mwen
Mwen gen popularité
Jwen moun ki konn apresye
Nan tout lari map tandé mizik mwen ap fredoné
Nan bouch timoun granmoun jènmoun
E men nan bouch vwazin Foufout
Yap e chanté

Refrain
An ! an ! sa se Wanito
An ! an ! biyografi mwen (bis)

Popular artists